12 Zan Lekòl

[Verse ]
Manman m di m chita pou m aprann m p ap ka konte sou moun
M pa t SenLwi ni Kanado men m te pase nan youn
E menm plizyè Sen Nikola m te fè Kinder
Aprè gradye m kite l nan Pòl Locha m kòmanse primè
Premye dezyèm ane m kite lekòl m kite blòk manman m tap bwote
Delma 60 akeyi m kay Pastè Rene
Yon lot lekol kretyen la te ban m kèk prensip
E se la tou m pral konn Makenson yon vrè kondisip
Bat ban pou m freestyle nan klas la sa ete pasyon m
Pwofesè kontan sa yo genyen yo ban m la m jwenn motivasyon m
M pa t gen sousi gwo mwayenn yon 5 te sifi pou mwen
Yon premye pitit san papa manman m te prèt a tou pou mwen
M kriye lè m wè Ezekyèl nan lari k ap vann krèm
Yon jèn ki te fò kite chita sou menm ban avè m
Konesans se zam tankou Izo m t anvi pran bal
Yow sa se istwa m m ap fin rape l se ap istwa n
A 13 an m desann sètifika etap sa m pa t ka tann
M pral antre nan ekwasyon son lòt stil mat ke m pral aprann
Rèv yo te gran lavi m yon twal lespwa ap pentire
M te sèten aprè 7 an m t ap antre nan fakilte
7èm m bak nn Pòl Locha problèm lajan fè m pat rete
8èm mwen pa t vle chita m oblije antre nan Lise
Horatius pral fè m konn lè nèg ap pase mati
Si m anreta pou 2 minit poum antre m pase anba ravin
M gentan fòme ti baz pa m m lage nan pran roulib
Kòmanse sot lekol ta sou bibliyotèk m ap pran roulib
Antank elèv Lise a te fè m viv sa k manifestasyon
Fè m konn bif lekòl ak lekòl m te menm riske pran prizon

Segond m aprann koripsyon
7500 goud pou ajiste nòt pou yo pa mete m deyò Kolèj pa t yon opsyon
Plis ap gen pwoblèm e mwens m ap jwenn solution
La mwen ak lekol divòse mo Lise a m pa t vle tande ankò
M vle fè tèt mwen konfyans m vle simonte eprèv yo
M pa t vle pantan nan domi m pa t vle pèdi rèv yo
M te met espwa m sou rap m te di Manman m voye Doune
M pran presyson m retounen pou m te fè plezi a kèk moun
M rele Jean Fritz m dil ann retounen lekòl
De tout fason sou katye a m pa t ap fè plis ke bwè alkòl
Li di m Ernst pa gen problèm depi m prale l prale tou
N al enskri Imdek Nou pat gen kòb premye vèsman tou
Menm vye tenis mwen tap drive a mennen m fè la rout
M fè rout a pye m al san manje m fin abitye ak grangou
Mwa ap pase m poko ka peye deyò m te inevitab
Mande dirèk poul pasyan l dim la pa on lopital
M t ap poze tèt mwen kesyon e Miland kisa m pral ofri l
Rap te la vre men tout lide m se al brase anba lavil
M kite sa pou tout sak pral jije m sou jan m mache
Men ki pa janm gen pye nan soulye m

Other artists of